15 jen 1974 – 15 jen 2024
Sa fè 50 ane depi seleksyon nasyonal peyi nou te ekri yon paj enpòtan nan listwa foutbòl mondyal la.
Yon evènman ki te fè tout peyi a fyè. Pou make kalifikasyon Grenadye yo nan faz final Koupdimond 1974 la, Bank Nasyonal Repiblik Dayiti (BNRH) te frape yon pyès komemoratif « 200 goud » pou onore chak jwè ak manm seleksyon nasyonal la.
![](https://lequotidiendhaiti.com/wp-content/uploads/2024/06/0ed42f8e-b8dd-4741-8aee-fa46af62ca25-1024x1024.jpeg)
Se yon fason pou selebre reyalizasyon yo epi kite lespri yo kontinye enspire jenerasyon aktyèl atlèt ayisyen yo, fanm kou gason.
Peyi a te kontan reviv sa nan lane 2023 ak patisipasyon ekip nasyonal foutbòl fanm nou an nan Koupdimond. 🌍🏆