PADON PAPA DESALIN !
Jeneral Janjak Desalin ! Padon ! Padon !
Anperè Jak Premye ! Nou vin mande w padon !
Ou te di se nou ki bwa dèyè bannann ou,
Nou sèl kapab garanti endepandans nou.
Nou te fè sèman pou n rapouswiv lènmi yo.
Nou te angaje n kouri dèyè tout trèt yo.
Ou te pase nou lòd, pingga nou dòmi di !”
Nan mitan nou la a, te chaje trèt ak lenmi.
Nou te fè sèman pou nou veye tout trèt yo.
Nou te jire twa fwa, “Bare ansasen yo !”
Ou te mande mete linyon nan mitan nou.
Trase yon lòt chimen pou pitit pitit nou.
Yo touye w, Papa ! Yo touye lòt frè w yo tou !
Pitit ansasen… Se ansasen yo ye tou !
Moun sa yo pran lavi w, pou yo te pran pouvwa.
Se men yo tout ki wouj — ni moun klè, ni moun nwa.
Yo tout te nan konplo, yo pa ka bay lespwa ;
Pèp la ba yo avi, yo kite l nan fè nwa.
Nou te manke konprann drapo Anperè a.
Wouj se san viktim yo, nwa se koulè tè a.
Drapo sa a, se testaman ki ba nou tè sa a !
Drapo sa a, se ni Papa ni Manman pèp sa a !
Yo fè tè a bwè san w, la a ! Anba de je nou !
Enèji san w tounen san Ayiti kont nou.
Ou te avèti n de sa ki ka rive nou !
Papa ! Nou vin mande w padon ! Padonnen nou !
Pou Ayiti, nan kè w sèl te genyen lanmou.
Pou pèp sa a, se ou menm sèl ki t ap pare kou.
Se vre nou fè w wont, men nou pa yon pèp engra.
Nou rekonèt tò nou ! Padonnen nou Papa !
Jeneral Janjak Desalin ! Padon ! Padon !
Anperè Jak Premye ! Nou vin mande w padon !
Chantal Volcy Céant